Epi kontinye ale.
Nou kontan wè ou nan prezantasyon dezyèm nivo,
adisyon ak retni yo
Bon mwen kwè nou ta dwe Kòmanse avèk kèk pwoblèm, epi
ak lespwa pandan nou ap travay sou yo
Ou pral konprann kouman pou ou fè kalite problèm sa yo. An nou kontinye
An nou verifye pou nou asire nou zouti ki sèvi nou kòm plim sou ekran sa a mache byen. Oke.
An nou di, nou te genyen onz plis kat
Konsa an premye ou ta kab di hey, Dyo, ou konnen, onz plis kat , mwen poko konnen kouman pou
mwen adisyone nonb ki gen de chif.
Antouka, genyen de fason nou kab fè sa.
An premye, mwen pral montre ou sèl sa ou dwe konnen
se aprann ki jan pou ou fè adisyon
ak nonb ki gen yon sèl chif epi ou kab sèvi ak youn bagay yo rele retni
pou ou rezoud tout pwoblèm lan nèt
epi apresa nou pral fè kòm si nou genyen li devan je nou pou montre
ou kouman ou kab vrèman fè kalite pwoblèm sa a
nan tèt ou tou.
Konsa, pou ou rezoud kalite pwoblèm sa yo, se pou ou gade an premye
chif ki plis sou bòt dwat onz lan
Nou rele sa pozisyon chif inite yo, Pa vre?
Kòm chif sa a se en, epi nou rele pozisyon sa a chif dizèn yo.
Mwen konnen mwen pral melanje ou nèt ale, men se konsa tout bagay ye -- konsa
tout babay ap vin pi fasil pi devan
Konsa, ou gade pozisyon inite yo, ou di gen yon chif en la a.
Ou pran chif en sa a epi ou adisyone li Ak chif ki vin tou suit anba li a.
Konsa en plis kat egal senk.
Ou te konn sa, pa vre?
Trè byen? Ou konnen en plis kat egal senk.
Epitou se sa ase mwen te fè la a wi.
Mwen sèlman di chif en sa a plis chif kat sa a egal senk.
Kounye a, kite mwen ale sou sa a.
Chif en sa a plis — men pa gen anyen dòt la a pase yon
siy plis epitou, se pa youn nonb.
Kidonk, chif en sa a plis anyen ditou, egal en.
Konsa nou ekri en la a.
Epi nou genyen onz plis Kat egal kenz.
Kòm ou kab wè li, sistèm sa a fonksyone byen, an nou
eseye prezante li nan de fason diferan
yon fason pou mwen fè ou kwè onz plis kat.
Konsa si mwen te genyen onz boul – en, De, twa, kat, senk, sis,
Sèt, uit, nèf, dis, onz.
Sa fè onz, pa vre? En, de, twa, kat, senk, sis, sèt, uit, nèf, dis, onz. Bon, mwen ta dwe fè sa tankou nou ta pe chante « en, de, twa, kat, senk, sis, sèt, uit, nèf, dis-» Oo! Mwen kwè mwen fè yon erè. Se onz. Antouka! Li bone toujou. Mwen sou blag.
Bon! Se onz epi nou ap mete kat sou li.
Se en, de, twa, kat.
Bon, kounnye a, tout sa nou ap genyen pou nou fè se konte konbyen wonn
Oubyen konbyen boul nou genyen an tou.
Se en, de, twa, kat, senk, sis, sèt, uit,
nèf, dis, onz, douz, trèz, katòz, kenz.
Kenz. epi Mwen pa ankouraje ou fè sa
chak fwa ou ap rezoud yonn pwoblèm, paske sa ap pran twòp tan
Men, antouka, si ou santi pye ou mare, ou pa konnen sa pou ou fè, li pi bon
pou ou pran yon ti tan olye pou al fè erè.
An nou chèche yon lòt fason pou nou gade pwoblèm sa a,
paske gen diferan fason pou yon moun ka wè solisyon an
Chak moùn gen fason pa li
Ann fè yon liy chif.
Mwen pa konnen si ou konn abitye wè yon liy chif
Men Kounye a ou pral wè yonn
Nan yon liy chif, sèl sa mwen fè
se ekri chif yo an òd.
Se zewo, en, de, twa, kat, senk, sis – Mwen ap ekri yo tou piti pou mwen kab gen
plas pou mwen rive jouk nan kenz, sis—sèt, uit, nèf, dis, onz, douz, trèz, katòz, kenz, sèz, disèt, dizuit.
Epitou flèch sa yo vle di chif yo ap kontinye ale san yo pa kanpe
nan tou de direksyon yo
Mwen konnen li yon ti jan bonè pou ou aprann sa, men
kounye a, chif yo kab kontinye ale
Sou bò gòch zewo a pou yo vin pi piti Pase zewo
Mwen ap kite ou reflechi sou sa.
Antouka, an nou retounen sou pwoblèm nou an.
Bon, nou genyen onz, an nou mete onz lan anndan youn wonn – ban mwen gade Ki kote onz ye
nan liy chif la.
Onz la a, se sa?
Men onz.
Epi nou ap mete kat sou li.
Konsa, lè ou adisyone, sa vle di ou mete kat sou onz lan.
Konsa, lè ou ajoute lòt chif ou ap avanse pi devan nan liy chif la
nou prale sou bò dwat liy chif la
Konsa, chif yo ap vin pi gwo
Nou ap avanse en, de, twa, kat—men pa ou!
Nou rive nan kenz.
Yon lòt fwa ankò, sa pran anpil tan. Men,
Si ou santi ou pèdi, ou pa sonje Ki valè en plis en ka ba ou, kwake mwen
pa kwè sa ta dwe rive, Ou kab toujou sèvi ak ranje liy la
Kounye an, an nou fè kèk pwoblèm ki pi difisil
An nou fè ventuit plis sèt.
Oke! Uit plis sèt – Mwen pa kache di ou li
Jouk jounen jodi a, gen de moman, mwen konn gen difikilte pou mwen sonje kisa onz plis sèt bay wi.
Bon! An nou – Si ou konn repons lan, ou deja konnen kijan pou ou fè.
pwoblèm lan. Ou annik ekri repons lan
Ekri li la a.
Men an nou ekri li sou liy chif la, paske mwen kwè
yon ti pratik anplis pa pe deranje nou
kote nou rive la a.
An nou fè pwoblèm lan ak liy chif yo ankò
Uit plis sèt.
Fwa sa a mwen pa pe kòmanse liy lan ak zewo. Mwen pral kòmanse avèk senk, paske ou konnen
De tout fason Si ou deplase sou bò gòch ou gen pou ou jwenn zewo
An nou Gade, nou gen senk, sis, sèt, uit, nèf, dis, onz, douz, trèz, katòz, kenz,
Sèz, disèt, dizuit epi kontinye ale.
Sa kab kontinye jouk ou rive nan san, nan mil
milyon, bilyon, trilyon.
Bon! Kisa ou pral fè?
Nou kòmanse ak uit, paske se uit plis sèt
Nou ta renmen konnen ki rezilta nou pral jwenn lè nou fè uit plis sèt
Nou kòmanse ak uit
Nou pral mete sèt sou li
Ban mwen pran yon lòt koulè lank
Ou kòmanse en, de, twa, kat, senk, sis, sèt
Oo! Men kenz lan parèt ankò.
Donk, konsa uit plis sèt egal kenz.
Epi, Ofiramezi ou ap pratike, mwen kwè, ou ap rive aprann yo pakè.
kit uit plis sèt egal kenz, kèlkilanswa, vale sis plis sèt ka egal
trèz, youn bagay konsa.
Men, antretan, sa pa pe deranje ou si ou kontinye sèvi ak liy chif yo
paske ou ap kab wè sa ki ap fèt la
Epitou ou kapab fè li avèk wonn yo tou
Konsa nou konnen uit plis sèt egal kenz.
Kounye la a, ou pral aprann youn bagay tou nèf.
Ou pa pe ekri tout chif kenz lan la a
Ou ap ekri senk – ekri senk lan la a.
Chif en sa a limenm
Rale li mete li la a
Nan yon lòt prezantasyon mwen va di ou poukisa
sa mache trè byen, ou ka menm kòmanse ap fè tèt ou travay
paske en an nan kategori dizèn yo, ou sonje! epitou
se la ki plas dizèn yo
Mwen pa vle ou pèdi pye
non, ou genyen chif en sa a ou mete li sou li
sou tèt chif de a, epi nou genyen trèz
Se sa? Paske en plis de egal twa, se pa sa?
Bon! Ou fini.
Trann-senk.
Ou dwe ap di, pou di bagay sa a gen sans
ventuit plis sèt egal trann-senk?
Genyen plizyè fason mwen ta kab reflechi sou bagay sa a
Antouka, nou konnen uit plis sèt egal kenz, se sa?
Mwen pa konnen si ou santi ou anfòm
Ak gwo chif yo.
Men... dizuit plis sèt – suiv jan sa mache
Uit plis sèt egal kenz
dizuit plis sèt – ou dwe ap di nan kè ou, Dyo ki kote ou soti ak
dizuit la, men make mo mwen.
Dizuit plis sèt egal venn-senk.
Vent-uit plis sèt egal trann-senk, se sa nou fenk sot fè a.
Mwen mete yon kwochè
Si ou kontinye, ou kab di trant-uit plis sèt
egal karann-senk.
Konsa, ou kab wè kijan sa mache epi ou kab
Si ou vle, ou ka Pran yon ti tan pou ou panse sou sa
si ou vle tou, ou kab mete videyo-a sou poz.
Yon lòt fason ou kab reflechi sou sa Si ou pa kwè
toujou, se pou ou di, bon, si mwen gen vent-uit, mwen ajoute yonn sou li, mwen ap genyen vent-nèf
Si mwen mete de sou li, mwen ap genyen trente-yen.
Si mwen mete kat sou li, mwen ap genyen trenn-de.
Si mwen mete senk sou li, mwen ap genyen trann-twa.
Si mwen mete sis sou li, mwen ap genyen trann-kat.
Epi si mwen mete sèt sou li, mwen ap vin genyen trann-senk ankò,
Oke, sèl sa mwen te fè, mwen kontinye ap di oo! Si mwen kontinye ajoute sou li
mwen ap vin genyen pi plis – epi chif la ap vin yon ti jan pi gwo.
An nou fè pi plis pwoblèm. Mwen kwè nou kapab.
Fè de lòt ankò.
An nou fè sa yon ti kras pi vit,
paske ou kab konprann pi byen kounye a.
An nou fè yonn ki pi difisil.
An nou di katreven-diz-nèf plis nèf.
Kisa nèf plis nèf egal?
Si ou pa konnen repons lan, ou kab fè adisyon an yon fason vizyèl
Ou kab sèvi ak liy chif yo oubyen ou kab fè plizyè wonn
Se kòrèk, ou kab fè sa, men
Ou ta dwe konnen jan pou ou fè sa
Nèf plis nèf gen lè fè diz-uit. Nèf plis nèf egal diz-uit … donk, nèf plis nèf … epi
Ou ekri uit-la la-a en an se retni.
Epi kounye a, ou ap sèlman di en plis nèf.
Bon, ou konnen kisa en plis nèf egal.
En plis nèf egal dis.
Kounye a pa gen okenn lòt kote pou mete retni an
Ou sèlman ekri tout chif la
Konsa katreven-diz-nèf plis en egal san uit
An nou fè yon lòt pwoblèm.
An nou di senkann-sis plis sèt.
Bon, se sis plis sèt.
Bon, sis plis sèt egal trèz, se sa?
Si ou santi ou vle pèdi, ekri ranje chif yo ankò.
Epi ou ap genyen en plis senk.
En plis senk egal sis.
Swasann-twa.
Epitou ou kab eseye kreye yon bann lòt pwoblèm pou ou rezoud
Si ou te byen konprann, mwen kwè se sa menm, sa ou ap fè kounye a,
Ou pare pou ou fè adisyon ak retni.
Bòn chans!