0:00:00.744,0:00:03.742 Lè'm te prèske gen 16 an, 0:00:03.742,0:00:07.441 m'sonje ke, pandan yon vakans dete, m't'ap vire chèn televisyon lakay mwen 0:00:07.441,0:00:09.971 pou'm chache yon fim pou'm gade, sou yon chèn ki rele «HBO»... 0:00:09.971,0:00:12.484 kiyès la ki sonje yon fim ki rele «Jou Konje de Feris Byoulè» (Ferris Bueller's Day Off)? 0:00:12.484,0:00:17.485 Se yon bèl fim, nès pa? Ebyen, paske'm te wè Matye Bròdrik (Matthew Broderick) sou ekran an, 0:00:17.485,0:00:20.197 m'te panse, «Oh! Bèl bagay! Fim Feris Byoulè ya. Fò'm gade sa!» 0:00:20.197,0:00:23.769 Se pa't fim Feris Byoulè ya! Epi tou, eskize'm wi Matye Bròdrik, 0:00:23.769,0:00:27.886 m'konnen ke'w fè lòt fim ke fim Feris Byoulè ya, men se akoz de li ke'm sonje'w; ou se Feris. 0:00:27.886,0:00:33.639 Men, se pa't bagay ke Feris konn abitye fè, ke'w t'ap fè nan fim sa ke'm t'ap gade ya; se bagay omoseksyèl ke'w ta'p fè. 0:00:33.639,0:00:36.967 Fim sa de kiyès m'ap pale la, se yon fim ki rele «Triloji de Kantik Damou» (Torch Song Trilogy). 0:00:36.967,0:00:43.713 Fim sa, li baze sou yon pyès ki pale de yon «drag queen» ki t'ap chache lanmou. 0:00:43.713,0:00:46.777 Lanmou ak respè: se de sijè prensipal fim sa. 0:00:46.777,0:00:51.933 Epi padan'm t'ap gade'l, m'te vin reyalize ke fim nan t'ap pale de mwen. 0:00:51.933,0:00:57.526 Pa pati ki sou «drag queen» lan; m'pa nan koupe cheve'm pou okenn moun! Men, pati ki adrese sijè de zafè moun ki omoseksyèl yo. 0:00:57.526,0:01:02.739 Pli presizeman, pati ki pale de kijan moun twouve lanmou ak respè, epi kijan yo twouve plas yo nan le mond. 0:01:02.739,0:01:09.089 Alò pandan'm t'ap gade fim sa, m'vin rankontre yon sèn ki si tèlman pwisan ke'l te fè'm kriye, 0:01:09.089,0:01:12.289 epi ki te fè yon enpresyon sou mwen ki te rete avè'm pandan 25 ane ki sot pase yo. 0:01:12.289,0:01:17.398 Gen yon deklarasyon ke Anòl (Arnold), aktè prensipal fim lan, fè pandan ke'l t'ap goumen 0:01:17.398,0:01:22.557 ak manman'l, epi ke yo de ya ta'p reflechi sou kiyès Anòl ye, avèk ki stil de vi ke'l t'ap menmen. 0:01:22.557,0:01:27.776 Anòl di: «Gen sèlman yon lòt bagay ke'w dwe konprann. 0:01:27.776,0:01:33.812 M'montre tèt mwen kijan pou'm koud, kwit, ranje plonbri, konstwi mèb, 0:01:33.812,0:01:36.669 m'ka menm felisite tèt mwen lè sa nesesè, 0:01:36.669,0:01:41.168 tout sa jis pou'm pa mande moun anyen! 0:01:41.168,0:01:46.847 Pa gen anyen ke'm bezwen nan men okenn moun, eksèp pou lanmou ak respè; 0:01:46.847,0:01:51.296 alò, nenpòt moun ki pa ka ban'm bagay sa yo, pa gen plas nan vi'm.» 0:01:51.296,0:01:59.063 M'si tèlman sonje sèn sa, ke'm santi tankòm si'm te gade fim nan yè; lè sa m'te gen 16 an, dlo t'ap koule sot nan je'm, mwen pa't ko janm di pèsòn ke'm te yon òm omoseksyèl, 0:01:59.063,0:02:04.424 epi, pandan ke'm t'ap gade de moun sa yo: Feris Byoulè ak yon lòt nèg ke'm pa't konnen, 0:02:04.424,0:02:08.722 ap goumen pou lanmou. 0:02:08.722,0:02:12.851 Lè'm te resi rive nan yon plas nan vi'm 0:02:12.851,0:02:16.474 ki te pèmèt ke'm te ka devwale avèk aksepte kiyès m'ye, m'te kontan anpil, pou'm ba'w tout verite ya, 0:02:16.474,0:02:20.620 m'te yon nonm omoseksyèl ki te trè kontan. 0:02:20.620,0:02:24.949 M'te vin reyalize ke te gen anpil moun ki pa't kontan tankou'm 0:02:24.949,0:02:28.167 ... 0:02:28.167,0:02:33.211 O kontrè, m'te tande ke te gen anpil rayisans ak kòlè, 0:02:33.211,0:02:35.821 avèk anpil fristrasyon epi anpil moun ki te pè. 0:02:35.821,0:02:40.690 o sijè de kiyès ke'm ye, e a pwopo de stil de vi omoseksyèl lan ke'm t'ap mennen. 0:02:40.690,0:02:45.011 Kounye ya, m'ap eseye konprann «stil de vi omoseksyèl» «stil de vi omoseksyèl». Sa sa vle di? 0:02:45.011,0:02:49.423 Epi, chak kou m'tande moun ap repete mo sa yo: stil de vi, stil de vi, stil de vi. 0:02:49.423,0:02:54.053 M'te menm tande politisyen ap di ke stil de vi omoseksyèl la, se yon bagay ki menase 0:02:54.053,0:02:56.961 sivilizasyon nou an --plis menm --ke ekzistans de zafè teworis. 0:02:56.961,0:02:59.936 Kou'm te tande sa, se lè sa m'te vin pè. 0:02:59.936,0:03:07.058 Paske m'ap panse: si'm omoseksyèl, epi si m'ap fè yon bagay k'ap detwi sivilizasyon, 0:03:07.058,0:03:11.684 m'bezwen konnen kisa bagay sa ye, pou'm sispann fè'l kounye ya! 0:03:11.684,0:03:14.062 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:03:14.062,0:03:18.985 Alò, m'te gade vi'm, nan yon fason ki trè pwofond, 0:03:18.985,0:03:23.205 epi'm te finalman arive wè kèlke bagay ki te trè boulvèsan. 0:03:23.205,0:03:27.041 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:03:27.041,0:03:30.795 Alò, m'vle kòmanse pataje avè'w tout bagay sa yo ki mal, ke'm konn abitye fè. 0:03:30.795,0:03:33.092 M'ap kòmanse ak sa'm konn fè chak maten. 0:03:33.092,0:03:36.138 Lè'm leve m'bwè kafe. 0:03:36.138,0:03:42.031 Pa sèlman sa, m'konn anpil lòt moun omoseksyèl ki bwè kafe tou. 0:03:42.031,0:03:45.673 M'konn ret kole nan anboutyaj 0:03:45.673,0:03:49.151 dè fwa, yon anbouteyaj ki move, move. 0:03:49.151,0:03:52.323 Pafwa, m'konn ret kole nan liy nan ayeropò. 0:03:52.323,0:03:55.589 Lè konsa, m'konn gade ozalantou, epi m'konn di, «Bondye! Gade tout moun omoseksyèl sa yo! Kèt! 0:03:55.589,0:04:00.031 Nou tout bloke nan liy long sa yo, ap eseye monte yon avyon! 0:04:00.031,0:04:06.257 Bondye'm nan, stil de vi sa ke m'ap menmen la, se vrèman yon bagay ki dyabolik! 0:04:06.257,0:04:13.644 M'konn fè netwayaj. Foto ki so ekran an kounye a, se pa reyèlman foto de chanm ti gason'm nan; pa'l la pi mal! 0:04:13.644,0:04:19.005 Epi, paske'm gen yon pitit ki gen 15 an, tout jounnen se kwit m'ap kwit. 0:04:19.021,0:04:23.962 Kiyès nan paran ki la, ki gen timoun ki aje de 13 a 19 an? Chak kou se manje poun nan fè pou moun sa yo 0:04:23.962,0:04:28.766 chak swa, yo manje nenpòt de, twa, kat fwa -- sa li ridikil! 0:04:28.766,0:04:31.338 Sa se stil de vi omoseksyèl la wi! 0:04:31.414,0:04:38.201 Epi, aprè m'fin fè manje, m'fin netwaye, kanpe nan liy, ak rete kole nan anbouteyaj, 0:04:38.201,0:04:41.804 patnè'm nan avèk mwen, nou reyini 0:04:41.804,0:04:47.959 epi nou deside ke nou pral byen pran plèzi nou. 0:04:47.959,0:04:51.783 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:04:51.783,0:04:55.135 Souvan, n'al dòmi anvan emisyon ke yo rele «Idòl Ameriken» (American Idol) fini. 0:04:55.135,0:04:59.353 Se lè'n leve ke nou konn al tcheke pou'n wè rezilta emisyon sa 0:04:59.353,0:05:04.439 paske nou konn twò fatige pou'n fin gade emisyon sa! 0:05:04.439,0:05:08.809 Se sa wi ki stil de vi omoseksyèl la, ke moun konn di ki dyabolik la! 0:05:08.809,0:05:12.674 Ou menm ki la, kouri pou'w ka sove vi eteroseksyèl ou! 0:05:12.674,0:05:21.053 (Moun ki nan odyans lan ap ri epi y'ap aplodi) 0:05:21.068,0:05:25.722 Lè patnè'm nan, Étyèn (Steve), avèk mwen te fèk kòmanse relasyonn nan, 0:05:25.722,0:05:29.316 li te rakonte'm yon istwa sou pengwen. 0:05:29.316,0:05:32.767 Lè'l te fenk kòmanse rakonte istwa sa, m'pa't konn sa'l ta'p di ya. 0:05:32.767,0:05:36.703 Li te yon tijan pè, lè'l ta'p pataje istwa sa avè'm, men li te di'm ke 0:05:36.703,0:05:41.056 lè yon pengwen jwenn yon konpanyon avèk lekèl ke'l vle pase tout rès vi'l, 0:05:41.056,0:05:44.657 li ba'l yon ti wòch --yon wòch ki san defo. 0:05:44.657,0:05:51.273 Apre'l fin rakonte'm istwa sa, Étyèn mete men'l nan pòch li, epi'l montre'm sa. 0:05:51.273,0:05:55.250 Aprè ke'm te gade'l, m'te twouve ke sa te trè bèl. 0:05:55.250,0:05:59.676 Epi'l te di'm: «M'vle pase tout rès vi'm avè'w.» 0:05:59.676,0:06:05.215 Akoz de sa, m'mete kolye sa nenpòt lè ke'm gen pou'm fè yon bagay ki fè'm yon tijan enkyete, 0:06:05.215,0:06:08.804 tankòm, pa egzanp, lekti de «TED» sa. 0:06:08.804,0:06:12.790 Mwen mete sa, lè'm pa kote'l pou yon peryòd tan ki long. 0:06:12.790,0:06:16.410 E pafwa, mwen mete'l paske'm jis renmen mete'l. 0:06:16.410,0:06:21.328 Konbyen moun ki la, ki damou yon lòt moun? 0:06:21.328,0:06:24.504 Si'w damou, petèt ou menm tou, ou se yon omoseksyèl. 0:06:24.504,0:06:25.930 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:06:25.930,0:06:32.479 Paske mwen menm tou, m'damou. Aparamman, sa fè pati de stil de vi omoseksyèl la, ke'm te avèti'w de li ya. 0:06:32.479,0:06:38.744 (Moun ki nan odyans lan ap ri epi y'ap aplodi) 0:06:38.744,0:06:44.316 Petèt, ou ka vle di mari'w oubyen madanm ou sa. Si'l damou tou, moun sa, se petèt omoseksyèl ke'l ye tou. 0:06:44.316,0:06:48.218 Konbyen moun ki la ki selibatè? 0:06:48.218,0:06:53.384 Ou menm tou, petèt se yon omoseksyèl ke'w ye! Paske, m'konn kèk moun omoseksyèl tou ki selibatè. 0:06:53.384,0:07:00.129 Sa vrèman efreyan, stil de vi omoseksyèl sa, son'w bagay ki trè, trè, trè, dyabolik! Epi tou, li pa gen limit. 0:07:00.129,0:07:03.473 Li mache'l, mache, jiskas ke'l anvayi tout bagay. 0:07:03.473,0:07:06.329 Ide sa, li pa fè okenn sans, nès pa? 0:07:06.329,0:07:11.718 Se pou rezon sa ke'm te trè kontan lè'm te tande ke Prezidan Obama te deklare 0:07:11.718,0:07:13.713 (Moun ki nan odyans lan ap aplodi) 0:07:13.713,0:07:15.775 ke'l sipòte: 0:07:15.775,0:07:19.198 (Moun ki nan odyans lan ap aplodi) 0:07:19.198,0:07:22.560 ke'l sipòte egalite de maryaj. 0:07:22.560,0:07:27.130 Se yon bèl jou nan istwa peyi nou; se yon jou mèveyez nan istwa mond lan tou 0:07:27.130,0:07:32.176 dèske gen yon prezidan k'ap gouvène aktyèlman, ki di: ase de deskriminasyon estipid sa kont moun ki omoseksyèl yo 0:07:32.176,0:07:35.890 li di sa premyeman a tèt li, epi dezyèmman a tout rès moun nan le mond antye. 0:07:35.890,0:07:37.978 Se yon trè bèl bagay sa ye. 0:07:37.978,0:07:41.369 Men gen yon bagay ki kontinye ap deranje'm depi lè'l 0:07:41.369,0:07:45.106 te fè deklarasyon sa, padan jou ki fenk sot pase yo. 0:07:45.106,0:07:51.666 Aparamman, gen moun ki panse ke sa se yon lòt inisyativ ke militan omoseksyèl yo ap pouswiv 0:07:51.666,0:07:55.147 ki fè pati de kaye ki kontyen objektif de moun ki omoseksyèl yo. 0:07:55.147,0:08:00.860 Epi, sa vrèman boulvèse'm paske sa fè lontan ke'm te anonse ke'm se yon moun omoseksyèl. 0:08:00.860,0:08:04.550 Menm si'm kon al nan tout seremoni ofisyèl yo, avèk reyinyon kote yo rasanble lajan yo, menm si'm konn ekri sou sijè 0:08:04.550,0:08:09.035 de zafè de bagay omoseksyalité sa, m'pako janm jwenn kopi de kaye ki genyen objektif de moun ki omoseksyèl yo. 0:08:09.035,0:08:10.725 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:08:10.725,0:08:13.507 M'toutan bay kotizasyon'm nan a lè, 0:08:13.507,0:08:16.056 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:08:16.056,0:08:20.351 M'konn al mache nan defile de drapo ke moun omoseksyèl yo òganize, epi m'konn kontribiye nan anpil lòt fason ankò 0:08:20.351,0:08:23.692 epi mwen pako wè kopi de kaye sa deki m'ap pale'w la. 0:08:23.692,0:08:28.657 Sa deranje'm anpil anpil, epi m'santi ke tout moun inyore'm, tankòm si'm pa't omoseksyèl ase. 0:08:28.657,0:08:33.860 Men yon jou, yon bagay mèveyez rive'm: kòm dabitid, mwen t'ap fè makèt, 0:08:33.860,0:08:42.283 epi je'm vin tonbe sou yon kopi ilegal de kaye ofisyèl sa, ki kontyen objektif de moun omoseksyèl yo. 0:08:42.283,0:08:47.687 Epi'm di tèt mwen, «Èlzi (LZ), sa gen lontan depi y'ap kache kaye sa pou'w pa jwenn li. 0:08:47.687,0:08:52.703 Lè'w rive devan moun ki la yo, ou pra'l bay nouvèl la. 0:08:52.703,0:08:56.574 Ou pral montre kaye sa pou tout moun pa nan devine sa'k ladan'l ankò, 0:08:56.574,0:09:00.095 ki sa egzakteman ki nan kaye sa? 0:09:00.095,0:09:03.575 Kisa ki objektif moun omoseksyèl sa yo? 0:09:03.575,0:09:06.409 Sa yo vle konsa?» 0:09:06.409,0:09:11.796 Alò, san'm pa nan pale pi plis, mwen pra'l montre'w, mesyedam, 0:09:11.796,0:09:16.030 fè atansyon, paske sa'k ladan'l lan, se bagay dyab --yon kopi 0:09:16.030,0:09:21.463 kopi ofisyèl la, de kaye de objektif de moun omoseksyèl yo. 0:09:21.463,0:09:46.267 (Mizik ap jwe) 0:09:46.267,0:09:49.238 Mesyedam, men sa'k nan kaye de moun ki omoseksyèl yo! 0:09:49.238,0:09:53.175 (Moun ki fè pati de odyans lan ap aplodi) 0:09:53.175,0:09:55.227 Men kaye ya! 0:09:55.227,0:09:59.066 Èske'w konprann? Se sa ki nan kaye moun omoseksyèl yo wi. 0:09:59.066,0:10:02.317 Gen kèk moun pami'w ki petèt rele'l, kisa, 0:10:02.317,0:10:05.461 Konstitisyon Etazini yan, èske se sa'w rele'l tou? 0:10:05.461,0:10:10.661 Konstitisyon Etazini yan, li fè pati de objektif de moun ki omoseksyèl yo. 0:10:10.661,0:10:15.566 Moun omoseksyèl yo --moun tankou'm --yo vle ke sosyete ya trete yo tankòm sitwayen konplè 0:10:15.566,0:10:19.471 epi tout sa ekri pou tout moun ki gen je klè wè 0:10:19.471,0:10:25.177 Sa te fè'm yon bèl plezi lè'm te wè'l. M'te mande tèt mwen: se sa ki nan kaye ya? 0:10:25.177,0:10:29.386 Poukisa yo pa't jis di ke'l se Kontistisyon yan, pou'm te ka konprann de kisa yo t'ap pale ya? 0:10:29.386,0:10:33.074 M'tap pi byen konprann,epi m'pa ta'p fache konsa. 0:10:33.074,0:10:37.782 Antouka, men li. Kaye ki kontyen objektif de moun omoseksyèl yo. 0:10:37.782,0:10:43.586 Kouri pou'w sove vi etewoseksyèl ou. 0:10:43.586,0:10:50.318 Èske'w te konnen ke nan eta ki pa kolore yo 0:10:50.318,0:10:53.459 ke moun ki omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, ou byen transeksyèl 0:10:53.459,0:10:55.551 pwopriyetè kay ka mete yo deyò nan apatman yo 0:10:55.551,0:10:59.687 akoz ke yo se omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, ou transeksyèl? 0:10:59.687,0:11:04.855 Se sèl rezon sa ke pwopriyetè kay bezwen pou yo mete yo deyò 0:11:04.855,0:11:10.697 paske moun sa yo pa gen okenn pwoteksyon kont diskriminasyon. 0:11:10.697,0:11:15.846 Èske'w te konnen ke nan eta ki pa kolore yo 0:11:15.846,0:11:22.032 ke yo ka revoke'w akoz ke'w se yon omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, oubyen transeksyèl? 0:11:22.032,0:11:26.043 Yo pa bezwen konnen kalite de travay ke'w konn fè, 0:11:26.043,0:11:30.045 si'w gen anpil tan nan travay la, ou byen si'w se yon vye travayè, 0:11:30.045,0:11:36.718 depi yo konnen ke'w omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, ou byen transeksyèl, yo ka revoke'w. 0:11:36.718,0:11:42.048 Tout sa ka pase, menm si kaye moun omoseksyèl yo egziste, 0:11:42.048,0:11:45.763 yon kaye sa ke yo osi rele Konstitisyon Etazini yan. 0:11:45.763,0:11:49.435 Presizeman, pati sa ki la: 0:11:49.435,0:11:54.686 ki di ke, «Pa gen okenn nan eta yo ki fè pati de peyi ya, ki ka envante oubyen aplike okenn lwa 0:11:54.686,0:11:58.924 ki ka afebli privilèj oubyen dwa legal de tout sitwayen de peyi Etazini yan.» 0:11:58.924,0:12:01.965 M'ap pale avè'w wi, eta de Kawolin di Nò (North Carolina). 0:12:01.965,0:12:06.562 Men, ou menm, ou refize obeyi Konstitisyon peyi ya. 0:12:06.562,0:12:11.873 Egalite, se sa wi ki objektif de moun omoseksyèl yo. Se pa pou di ke y'ap mande dwa spesyal non, 0:12:11.873,0:12:16.049 men yo pito vle dwa ki te deja ekri pa moun swivan sa so 0:12:16.049,0:12:18.468 elit sa yo, si'w vle ba yo non sa. 0:12:18.468,0:12:22.499 Anpil moun ki enstwi, ki byen abiye, 0:12:22.499,0:12:25.187 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:12:25.187,0:12:27.928 gen moun ki gen dwa pa renmen jan yo abiye ya. 0:12:27.928,0:12:30.707 (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri) 0:12:30.707,0:12:34.489 Men, yo se zansèt nou kan mèm, nès pa? 0:12:34.489,0:12:38.725 Se moun ke'n di ki te konn sa yo t'ap fè lè yo te ekri Konstitisyon an 0:12:38.725,0:12:41.898 kaye de moun omoseksyèl yo, si'w vle rele'l sa. 0:12:41.898,0:12:47.221 Tout sa kontradi tout sa yo te fè. 0:12:47.221,0:12:52.732 Sepou rezon sa ke'm te twouve sa enpòtan pou'm te 0:12:52.732,0:12:58.074 montre'w kopi de kaye de moun ki omoseksyèl yo. 0:12:58.074,0:13:03.052 Paske, m'panse ke si'm te prezante'w sa nan yon fason ki komik, ou pa te'p santi ke m'ap menase'w. 0:13:03.052,0:13:07.611 M'panse ke si'm te fè prezantasyon an yon ti jan derespektab, ou pa t'ap pran sa seryezman. 0:13:07.611,0:13:13.038 Men, lè'w gade kat jewografik peyi yan, ou wè eta nou an, ke yo rele Michigenn (Michigan) lan 0:13:13.038,0:13:18.685 li legal si'w revoke yon moun 0:13:18.685,0:13:22.579 paske'l omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, oubyen transeksyèl, 0:13:22.579,0:13:26.843 li legal tou, si'w mete yon moun deyò lakay yo 0:13:26.843,0:13:31.453 paske yo se omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, oubyen transeksyèl, 0:13:31.453,0:13:35.441 lè'w panse de sa, ou wè ke tout diskisyon sa sou zafè de egalite de maryaj lan 0:13:35.441,0:13:38.909 se pa sou sispann dwa li ye 0:13:38.909,0:13:43.489 pito, se sou sijè de garanti moun dwa yo, ki te ekri deja. 0:13:43.489,0:13:47.950 Epi, nou jis ap eseye itilize dwa yo, ki te deja deklare 0:13:47.950,0:13:51.456 ke nou te deja aksepte. 0:13:51.456,0:13:56.763 Gen moun k'ap viv, ki pè 0:13:56.763,0:14:00.380 pèdi travay yo 0:14:00.380,0:14:05.470 akoz de sa, yo pa montre okenn moun kiyès yo vrèman ye 0:14:05.470,0:14:10.275 nan eta isit tou. Lekti sa, se pa jis sou Kawolin di Nò ke l'ap pale 0:14:10.275,0:14:15.964 li vle pale sou lòt eta yo tou, kote aksyon sa yo legal. 0:14:15.964,0:14:19.188 Si'm ka fè dyolè pou yon moman, 0:14:19.188,0:14:25.292 m'gen yon ti gason ki gen 15 an ke maryaj mwen yan te fè'm kado. 0:14:25.292,0:14:28.043 Mwayèn li lekòl, sa pafè. 0:14:28.043,0:14:34.482 L'ap kòmanse yon asosiyasyon lekòl li ya ki rele «Deba Politik». 0:14:34.482,0:14:38.709 Li se yon atlèt ki trè fò nan kouri 0:14:38.709,0:14:45.170 li konn premye prèske nan chak evènman atletik ke'l patisipe ladan'l, nan lekòl li ya. 0:14:45.170,0:14:47.673 Li travay gratis pou kèk òganizasyon. 0:14:47.673,0:14:50.908 Li priye avan li manje. 0:14:50.908,0:14:57.103 M'ta renmen panse, ke kòm papa'l -- se lakay mwen yan li plis rete 0:14:57.103,0:15:01.020 --ke siksè'l yo, mwen te ede'l akonpli yo tout. 0:15:01.020,0:15:03.928 M'ta renmen panse ke'l se yon bon ti gason, 0:15:03.928,0:15:08.295 yon ti moun ki respekte moun. 0:15:08.295,0:15:11.992 M'ta renmen panse ke mwen pwouve ke'm se yon bon papa. 0:15:11.992,0:15:15.745 Men, si'm ta'l mande eta Michigenn jodi ya, 0:15:15.745,0:15:20.677 pou'm adopte yon òfelen 0:15:20.677,0:15:24.276 yo pa t'ap kite'm fè sa pou yon rezon sèlman: 0:15:24.276,0:15:27.633 paske'm se omoseksyèl. 0:15:27.633,0:15:32.436 Sa pa vle di anyen, menm si m'te gentan montre sa'm ka fè avèk kè'm. 0:15:32.436,0:15:36.044 Se akoz de sa eta Michigenn di ke'm ye 0:15:36.044,0:15:41.876 ke yo pa t'ap kite'm adopte okenn timoun. 0:15:41.876,0:15:45.911 Epi, sa m'ap di la, se pa pwoblèm mwen sèlman ke'l ye 0:15:45.911,0:15:50.814 se pwoblèn anpil moun ki rete Michigenn, moun ki se sitwayen Ameriken, 0:15:50.814,0:15:55.973 ki pa konprann pou kisa, sa yo ye 0:15:55.973,0:16:01.253 pi enpòtan ke kiyès yo ye. 0:16:01.253,0:16:06.630 Bagay sa, li rive anpil, anpil 0:16:06.630,0:16:10.121 nan istwa peyi nou. 0:16:10.121,0:16:13.978 Te gen yon tan ke, 0:16:13.978,0:16:18.007 moun ki te nwa pa't ka gen menm dwa ak moun ki blan. 0:16:18.007,0:16:23.322 Epi, paske fanm pa't gen menm dwa ak gason, yo pa't ka vote nan eleksyon. 0:16:23.322,0:16:28.112 Te gen yon tan nan istwa peyin'n nan, ke si'w te paralize fizikman oubyen mantalman, ke yo te ka jis revoke'w, 0:16:28.112,0:16:32.849 avan egzistans de lwa ki rele «Lwa pou tout Ameriken ki Paralize (Americans with Disabilities Act). 0:16:32.849,0:16:36.203 Nou kontinye fè menm bagay la ankò e ankò. 0:16:36.203,0:16:40.787 Alò, ane sa, ane 2012 lan 0:16:40.787,0:16:43.116 objektif de moun omoseksyèl yo, 0:16:43.116,0:16:46.984 stil de vi moun omoseksyèl yo, epi ke'm se yon vye papa 0:16:46.984,0:16:50.494 epi ke moun pa merite pou yo pwoteje fanmiy yo 0:16:50.494,0:16:55.165 akoz de sa yo ye, pa akoz de kiyès yo ye. 0:16:55.165,0:17:01.809 Alò, lè'w tande mo swivan sa yo: «stil de vi omoseksyèl» avèk «objektif de moun omoseksyèl yo», 0:17:01.809,0:17:05.214 mwen ankouraje'w fè de bagay: 0:17:05.214,0:17:11.499 Premyeman, sonje Konstitisyon Etazini yan, epi, dezèmman, 0:17:11.499,0:17:16.622 gade sou bò goch ou, sil vou plè, 0:17:16.622,0:17:19.778 gade sou bò dwat ou. 0:17:19.778,0:17:25.245 Moun sa ki bò kote'w la, se frè'w oubyen sè'w ke'l ye. 0:17:25.245,0:17:27.860 Akoz de sa, fòk ou trete yo ak lanmou e respè. 0:17:27.860,0:17:29.583 Mèsi.